Fich La

Le lòpital kenbe ou,  ou gen yon sèlfwason pou sòti, ou gen yon sèl visa ou ka rete tann, epi sa se so lòpital la. So yo mete sou papye yo, sou fakti yo. Papye sa yo pote lank ble de ekriti dokte a, lank ble a kite mak fon nan fèy frajil yo. Tèlman lank ble a lou sou papye a, li konn chire twou anba lèt yo.  

Fèy yo ka kenbe mak administrate yo tou. Fey yo gen dat sou yo. Yon dat se le ou te antre lòpital. Yon lòt dat se lè ou egzeyate sòt men dokte yo, epi yon lòt dat toujou. Yon dat ki pasyan rete tan. Ou reve dat sa. Dat la ki vle di ki lòt moun peye tout sa ou dwe, peye ranson nan pou lavi ou. Nomalman administrate pa ekri tout jou ou fè andan lòpital —paske gen twòp, ou ka rete pou 2 mwa, 3 mwa. Ni jodia, nan epòk Covid-la, gen yon manman kap chita nan lòpital misyon nan nòd ki gen 4 mwa domi a tè avèk nouvo bebe a. Nan lespas ant dat ou antre ak dat yo libere ou, ou chita. Ou rete. Ou tan. San plas pou benye. San gen konfò fanmi ou. Sèl bagay ki ka fini purgatwa sa se lè adminsitratè mete so lòpital sou fèy yo. 

Nòmalman so sa fèt ak lank koulè wouj. Lank nan senyen nan fèy yo, li deranje lèt nan non lòpital la. Se so sa ki gad yo pral cheke anvan yo kite ou sòti. 

Guerlande se yon mis ki konnen anpil sou sistèm sa. Le l tap etidye pou vin mis, li te gade kijan gad yo kontwole ki moun ki pasyan epi ki moun ki prizonye. Naomi tou te yon prizonye andan yon lòpital blan nan Nod di peyi a. Nan lòpital sa, se twa gad ki pou cheke so a, pou cheke fèy yo pou wè si visa bon, si ou ka sòti vre. Le lopital bay gad travay, yo di gad yo ki yo la pou pwoteje lòpital kont vole, kont ensekirite.   Sa ki vin kle dapre yo komanse premye jou travay yo se ke bagay ki moun pi konn vole se pwop kò yo, pwoptèt yo.

Gad yo, gad yo men, gad ki travay andan lòpital yo, konn vini di menm zòn, menm plas nan sosyete a, ak manman yo.  Administratè lòpital deja konnen ke gad yo ka vin zanmi ak prizonye fasil. Ke gen kèk gad ki ka pran pitye sou manman yo, ki ka vle ede yo. Se poutèt sa ki lòpital gade gad yo tou. Yo fè yo konnen ke manman sa yo ak bebe sa yo pa moun, pa dwe libete, menm jan avèk li menm. Chak fwa yon moun chapetèt yo, se gad ki oblije peye. Si yo pa peye, yo pajanm pral travay kou gad anko. Se konsa ki Anpil gad nan anpil lòpital misyon travay gratis tanzantan pou lòpital sa. Paske lòpital retire kòb pasyan yo sou kont gad yo si moun chapetèt yo. Se poutèt sa gad yo pa ka ede sitiyasyons sa menm.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *