Pran Ka Ou

Ou pa sonje Guerlande? Li menm li konn wè sistèm sa byen pre. Li pa wèl sèlman kou yon mis men kou yon sè. Nan lavi li, lòpital misyon yo nan nòd gen tan kenbe twa sè li. YOn ladan sè yo se Naomi, premye manman nan istwa sa. Guerlande  pale avem sou estres, sou pwoblèm di detansyon an. Kijan li kite mak nan tout fanmi a, pa sèlman kite mak nan lavi manman. 

Guerlande ak fanmi li soufri yon gwo chòk . Guerlande te potoprens tap cheche travay le se li te gen pwoblem a set mwa. Men ti fre le, Marcele, te ankopaye Naomi lòpital le li tap akouche bone.  Lopital-prizon se yon espas ki pa sipoze konfòtab, nan yon sans, li sipoze terib pou prizonye yo, li sipoze fè fanmi a enkyete pou manman yo, paske se enkyetud ki ka bay yo pi gwo rezon pou al cheche kòb la nan nenpòt fwason yo kapab. Men—gade, menm si espas la move anpil, manman yo ak lòt pasyan yo gen tan fè efò pou monte yon rezistans kont sistèm nan. Malgre anpil enstisyon blan te femen bouch yo sou praktis sa, pasyan yo ak zanmi pasyan yo gen tan travay kont praktis sa depi li kòmanse. 

Mis Guerlande, pou egazanp, te pale avè nou sou fwason ki manman cheche wout pou goumen enjistis sa. Pafwa manman yo fè rezistans ak ti praktis toupiti ki deranje efò lòpital pou tounen manman yo pwopriyete, epi pafwa yo fè gwo zak rezistans lè yo chapetèt yo ak tou bèbè yo. Guerlande te bay nou istwa di sa. 

 

Gwo zak rezistans madanm sa fèt e pa toujou posib pou tout manman epi ou ka wè li gen anpil risk pa li. Pifo ladann manman yo konn reziste sistèm nan lòt fwasòn ki pa menm jan gwo konsa. Mwen ka di ou bagay mwen wè avèk pwòp jè m epi sa se ki lè yon manman pran swen lòt manman nan sitiyayon sa, mwen gen tan wè ke sa se yon kalite defi sistèm nan, defi yon sistèm ki gen tan di manman yo ke e pa moun yo ye pwopriyete lòpital yo ye. 

Nan sans sa, devan yon sistèm ki pa trete yo kou moun, manman yo konn trete lòt manman kou moun. Yon pran swen lòt. Ou tande? Paske lòpital gen manje ladan, men li pa bay manman. Li gen kabann, li pa bay manman yo kabann. Li gen dra, li pa bay manman yo dra. Se lòt manman ki konn pran swen lòt nan yon peryòd ki vreman frajil pou dam, nan yon tan nan lavi li le manman plis bezwen swen, lòpital retire posibilite de jwen swen sa lakay li. Sa vle di ou gen plizye manman ak ti bebe yo. Manman yo grangrou. Men eske yo manje tout sa yo genyen? Non, lè yo jwen manje, ni si manje a pitit, ni si manman a grangou anpil anpil paske vant li vid, manman yo pede esplike m kijan yon pataje ak lòt, epi kijan lòt manman te pataje avè yo, ti manje yo genyen, yo separe li. Li pa sipoze fet konsa dapre ou akouche. 

 

Naomi te pale avem sou sitiyasyon sa. Manman sa yo pat jwen swen men yo te merite swen. Yo pat jwen soulajman fanmi yo. lòpital fòse yo domi sou siman, san bay yo rad. Men nan fas tout injistis sa, Likna ak Naomi ak lòt mama nan istwa Guerlande, yo te cheche wout pou defi lide ke yo pa t moun, ke yo pa gen vale, ke yo pa t merite respè. Chak fwa yon manman bay lòt manman manje li di, “wi ou gen valè, cheri, epi mwen menm mwen gen valè tou”. Sa pa ti bagay senp li ye. Se yon egzanp di fòs manman kont yon sistèm di injistis lan. Avèk mantalite sa, yo refize aksepte ke se sèlman pwopriyete yo ye. Ni si lòpital kontinye kenbe yo, yo te deside yo tap pale sou sa. Pataje istwa yo pou lòt moun ka konnen sak pase la, andan misyon sa yo, epi ke sistèm sa bezwen chanje. 

Mwen menm mwen kwe gen anpil fwason di chanje sistèm lopital-prizon nan, kote manman ka jwen swen yo bezwen san lòpital trete yo kou bet, kou prizonye. Gen peyi pi pov, pi danjere, pi kòwonpi gi komanse cheche solisyon pou enjistis sa. Epi mwen rekonet ki kèk   òganizate an Ayiti k ap travay pou jwen solisyon ki pa mete manman yo deye ba senpleman paske yo pat vle mouri. Nou sipote travay sa, travay Ayisyen, epi vwa manman Ayisyen.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *