Pri Libete

Enben, anba yon sistèm kote lavi ou koute la libète ou, kijan manman ka gen konfyans nan sistèm medikal la? Likna se yon lòt manman te pale avè nou sou kesyon sa. Li sòti okap, epi li te siviv kèk   mwa andan yon loptial misyon, oubyen mwen oblije di, yon lòpital prizon. Likna pat vle bebe a mouri. Li deside jwen ed nan lòpital. Ni si lòpital tap kenbe li kou prizonye, li te vle sove lavi li. Li te priye pou lòpital pa kenbe li, epi li te priye ke si lòpital tap kenbe li, li pa tap kenbe li pou anipl tan. Men lòpital te fel. Li pase kèk   mwa andan. 

Men kijan praktis sa te vin yon bagay nòmal nan lemonn. Nan yon lemonn kote moun ka pale sou vidyeo ak lòt moun lòt bo dlo a. Kijan moun ka di ki pa gen lòt solisyòn lè nou tout rete andan yon lemonn ki gen mirak kou avyon, ki gen wokèt ki ale nan Mars, ki tan ranple avèk inovasyon? Epi moun di nou pa dwe imajine yon sistèm de salud ki pa depande de anprizonnen manman malere pou valè de operasyon. Kijan moun ka di ke nou pa dwe imajine yon sistèm kote pri medikaman pa menm ak pri libete

Rezon sa se ke praktis de plase vale monete sou moun, epi pou fè sa pi fò sou fanm nwa ak bebe nwa,  se yon praktis ki parèt pi fò nan epok esklavaj la epi nan epok komes esklav atlantik la. Komes sa te fel fasil pou imajine ki libete moun se yon bagay ou ka achte, ou ka vann, ou ka manje kou manje midi. Yon pwofese lalway ki rele Dorothy Roberts te fè yon gwo etid sou istwa di fanm ak bebe anba esklavaj epi kijan istwa sa kontinye afekte fanm nwa ak bebe yo andan ozeztazini. Li dekri sa kou yon lagè kont libete repwodiktif di manman nwa. 

Yon lòt pwofese, ki se dwayen de inivesite, rele Julia Chinyereh Oparah epi li fè anpil travay pou dwa manman ak dwa bebe yo nan sistèm medikal la. Li konn travay Ozetazini tou, epi Ozetazini gen yon istwa di pemite maltratman di manman nwa ak bebe nwa andan lòpital yo. Yon kalite de maltratmen ou pap wè le ou gade kijan yo trete fanm blan ak bebe blan nan menm sinkonstans lan. Julia Chinyereh Oparah, ki travay avèk yon òganizasyon Black Women Birthing Justice, rele sistèm global sa yon sistèm di apated medikal. YO define apated medikal kou yon konbinasyon di ewoyik patriyakal ak medikal, vyolans medikal rasyal, eksplwatasyon ekonomik, epi neglijans kavalye di manman nwa atrave sistèm medikal de lemonn. Nan kas di lòpital ki kenbe moun, apated medikal sa fèt ak asistans di teknoloji ki vin sot sistèm prizon yo. 

Men kijan, epi poukisa, teknolji prizon yo aparèt andan lòpital yo? E pa lòpital ki sove moun? Kijan lòpital vin anprizonen moun? Repons se ke nan swasanndizan ki sot pase yo, estrateji prizon yo gen tan aparèt nan plizye kote nan sosyete a, plizye kote deyò prizon menm. Gouvenman yo ak enstitisyon yo itilize teknoloji di siveyans ak disiplin pou kontwole moun menm jan yon kontwole moun andan prizon. Estrateji sa yo aparèt nan lòpital, menm jan nan awopot yo, menm jan nan plizye lòt kote. 

Nan kas di Ozetazini epi enstititsyon blan yo, teknoloji sa yo gen yon relasyon espesyal ak sistèm rasis la. Nan Ozetazini pi fò moun ki andan prizon se moun nwa, lapolis pede mennen moun nwa a prizon pou anyen, pou ti bagay tou piti, epi andan prizon an moun sa yo fose travay, epi yo travay pou sen kòb.  Tout moun ka wè Ozetazini gen yon gwo pwoblèm di ras. Se pa yon sipriz ki enstititsyon ki blan monte lòt bo dlo pote menm eritaj la. 

Yon otè ki rele Saidaya Hartman di ki inegalite sante rasyal se yon pat di gwo fantom nan di esklavaj, yon fantom ki toujou ante tout lemonn. Fantom sa fèl pi fasil pou aksepte ke moun nwa, sitou manman nwa, merite yon kalite ed, yon kalite swen nan sistèm medikal, epi manman blan yo merite yon lòt. Menm si sistèm inegalite sante rasyal sa egziste, nou ka wè ke andan anpil peyi, andan anpil kominote, moun konn fè rezistans, yo konn defi li. Yo pa sèlman aksepte sistèm nan. Nan Congo, Nan Burundi, nan Ozetazini, anpil manman konn pale kont enjistis yo soufri. Yon ede lòt. 

Sistèm di anprizonen mama ak bebe se yon sistèm ki domaje manman ki ale lòpital. Menmsitou li domaje manman ki deside yo pa ka ale lòpital paske yo twò pe ki lòpital pral kenbe yo, epi maltrete yo—kite yo san manje, san ed, kite yo pran fredi—kite yo devan je tout moun. Epi bagay sa yo pa ti bagay, non, anpil manman Ayisyen kwe frèdi ka touye bebe, touye mama. Nan de bo yo pe mouri. Nan de bo yo pe domaj la. Sa vle di sistèm sa afekte manman ki ale lòpital ni mama ki pa ale lòpital.

Konsa l te fèt pou vwazen Naomi. Map rele li Irene. Irene te deja wè sitiyasyon Naomi nan. Li te konnen si li tap gen pwoblèm ak akouchman, si l ta ale lòpital misyon, yo tap kenbe li paske li pa t gen sen kòb nan men li. Li gade kijan Naomi te pran frèdi ak tou bebe li andan lopital. Li gade kijan Naomi te nan yon ti espas deyo, anba pousye, anba lapli, anba soley, tout avèk yon nouvo bebe nan men li. Irene te deja konnen fanmi li pa t gen sen kòb pou vin pote manje bay li—lòpital te twòp lwen. Gade, Irene te konnen ke pètet akouchman li pa tap sòti byen, men li te konnen toutbon vre ki lòpital tap kenbe li si li te akouche la. Li deside li pa t ka ale lòpital si sitiyasyon akouchman pa t vreman, vreman grav. Menmkamen, Irene. te gen pwoblèm ak akouchman,  epi bebe a mouri pandan li akouche. 

Le ou transfòme yon lòpital nan yon prizon, li koze pwoblèm konsa. Moun pa ka chanje de move chwa pou yon bon chwa.  Ki kalite inejans sifi pou merite gwo chòk la de vin yon prizonye? Konbyen kòb vale libète pa ou? Ki le ou chwazi resevwa neglije nan plas di resevwa abi, epi ki le ou sipoze chwazi abi nan plas neglije? Move chwa sa yo kite mak nan sante fam sou tout Ayiti, ak rès 52 peyi yo ki gen praktis sa. Yo kite mak yo nan barye simitye yo jiska nan barye lòpital yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *