Fè Pitit Ann Ayiti

Ann Ayiti, lè akouchman nan ak lè a dapre akouchman se de peryòd nan lavi fanmi ki vrèman enpòtan. Nan tan sa yo, fanmi Ayisyen yo konn reyini, yo konn anbrase nouvo lavi a ki aparèt devan yo, yo konn pran swen nouvo manman. Swen sa a komanse anvan ou akouche tou, pandan ou toujou ansent. Lè ou ansent, moun nan vwazinaj, fanmi ou, zanmi ou, yo ka pran swen ou tou, gade ou pou ou pa travay twò fò, si yo wè ou grangou, yo ka nouri ou, pran swen ou ak tout ti lavi ki nan vant ou. 

Daprè akouchman, ni si ou akouche lòpital, ni si ou akouche lakay, ou sipoze jwen sipò. Dapre anpil Ayisyen, ou sipoze rete andan yon chanm prepare, se lòt moun ki gen pou fè manje pou ou, ki gen pou ede ou ak ede bebe a. Pandan tan sa a, li nòmal pou moun vin fe benyen cho pou ou. Li nòmal pou moun mare senti ou. Pou cheke si ou anfòm, cheke figi ou, vant ou, koulè pò ou. Moun cheke bèbè a tou, chanje rad li, benyen li, examine tout pat di kò li, karese li, cheke chak diape pou wè si tout bagay anfòm ak bebe a, si li pa gen pwoblèm andan li, si li pran frèdi, si tout sak nwa andan vant li gen tan sòti. Nan menm fwason, moun sipoze pran swen ou tou, moun ki sevi ou ede ou, yo fè manje pou ou, ba ou tè,  fanmi ou toujou cheke pou wè si w anfòm. Konsa yo ede ou nan gwo transfòmasyon  wap fè andan kò ou a. 

Men nou ka di ke transfòmasyonn sa se yon bagay ki mande anpil nan kò ou a, gen bagay ki sipoze sòti, bagay ki sipoze antre, bagay ki koule, epi chak nan bagay sa yo gen sant, tèkstur pa yo. Menm nan espas entim kòporèl sa, gen moun pou ede ou, ni sou se moun andeyo, ni si ou se moun lavil, ou sipoze konte sou lot moun nan fanmi ou, lot zanmi ou. Moun pa ou sipoze ede ou. Ede ou benyen. Ede ou kouche nan kabann. Epi eksperyans sa, swen sa, se vreman enpòtan pou manaman Ayisyen an. 

Neline se yon moun ki gen konesans fèy.  Li konn al cheche fèy, epi fè remed pou moun ki malad. Neline se yon manman tou, epi nan lavi li li gen tan asiste fanm akouche, pran swen ti bebe tou nef, dapre akouchman nan. Li pale avem sou travay pa li, epi sou kalite swen ki fanmi sipoze bay manman yo.  

 

Menm si akouche lòpital la, lè ou kapab sòti avèk bebe a, ou sipoze jwen swen sa lakay ou. Le ou tounen lakay ou, ou sipoze jwen kèk   manje pou mete nan vant ou, kèk tè pou pase nan bouch ou, epi konfò fanmi ou a. Nou ka di ki swen sa, se yon kalite lang li ye, yon kalite lang ki fanmi pale, yon ak lòt, pou di manman an ak nouvo bebe a ke se moun enpòtan yo ye. Ke yo gen valè. Ke yo pa pou kont yo nan mond enprevizib sa. Nan tout soufrans ki vini avèk gwo transfòmasyon di nasans, manman ak bebe yo pa pou kont yo. Nan mitan tout santiman ki ankonpanye gwo chanjam sa, ou gen moun pou ede ou. Nan mitan tout triyonf di metamòfoz di nasans, ou genyen moun pou selebre avè yo. Menm si tibebe ou a mouri, ou ka konte ki wap jwen swen, ou ap jwen sipò ou menm.  Menm si ou menm ou mouri, ou ka konte ki wap kite bebe a nan men moun ki pral antoure l ak lanmou nan premye mwa sa yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *